Sélectionner une page
lakoudemanbre logo white

An nou fè yon ti chita koze sou sa k’ap rive nou nan moman-an, nan peyi-a

lakoudemanbre logo white

An nou fè yon ti chita koze sou sa k’ap rive nou nan moman-an, nan peyi-a

Sak pase menm …?

Anpil anpil Ayisyen ta renmen konprann poukisa peyi nou an nan eta sa-a. Anpil kesyon poze, men esplikasyon yo paka kole. Pandanstan sa-a, sitiyasyon an ap vin pi malouk chak jou pi plis. Se tankou n’ap kannale desann nan yon twou san fon.

Chak jou peyi ya ap demanbre, li eklate, li depatcha. Epi li fann ! Li dechire pakanpak ! Li sanble’l paka koud… Pa gen zegwi, pa gen fil ! Fil yo pouri, segwi yo san tèt… Konsa wi, li demanbre…

Pou nou ka chita koze sou sa kap rive peyi Dayiti, sitou nan dènye tan sa yo, nou kreye blòg sa-a ki rele :

« Lakoudemanbre ».

Pouki blòg Lakoudemanbre a ?

Peyi Dayiti parèt pòv anpil, men se pa vre. Nou menm Ayisyen nou konnen nou rich, menm si nou parèt pòv…

Istwa peyi Dayiti pa gen parèy nan monn nan. Nou se premye pèp moun koulè po nwa ki rive kase chenn lesklavay epi deklare li granmoun tèt li :

Nou endepandan sou tè sa a.

Vèvè Papa Legba--white

Vèvè Papa Legba

Nou konbat pou libète ak egalite tout ras sou latè epi nou genyen batay la.

Ti pèp sa-a kap pase tout mizè sa-a depi plizyè syèk se manm fondatè Nasyon Zini (ONU), li ede anpil peyi nan lemonn jwen libète. Li te ede anpil peyi gen bonjan edikasyon nan lekòl ak nan Inivèsite yo.

Kounye a yap pouse’n deyò tankou chen peyi tout kote nou pase sou latè san nou pa fè yo anyen. Epoutan, nou se bon travayè, nou kontribiye anpil nan richès peyi kote nou pase yo.

Men poukisa menm nou konsa?

Blòg sa a ta renmen yon espas patisipason nan chache konnen vre rezon ki lakòz sitiyasyon malouk peyi Dayiti a. Nou dispoze al chache repons sa a jouk nan nannan vant nou, jouk nan Lakou Demanbre a, kote kòd lonbrit nou plante a…

Paske nou konnen si andedan pa vann, deyò pa ka achte…

Nou deside al chache verite a kote li kache a :

Verite Ooooo ! Lala-o-lala…

Kijan n’ap fè pou nou chache Verite-a

1.

Nou vle rive fè sa nan bonjan echanj, diskisyon ak moun serye, ki pa malonnèt, pou plis moun ka rive jwenn yon eslikasyon pou konprann sak ap pase a.

Nou deja konnen chimen verite fè yon sèl ak chimen pou kase chenn ki mare nou. Paske

« Chenn nan tèt pi rèd pase chenn nan pye ! »

2.

Answit, blòg Lakoudemanbre pap fè plongaye.

Nou gen yon kote nou vle rive. Nou vle rive nan Verite a. Se pou sa n ap make chak pa nou rive reyalize sou chimen an, pou nou pa vire tou won tankou moun ki pèdi wout yo, ki pa konn kote yo vle ale.

Se pou sa, nou ta renmen nan chak moman gen yon rezime sou diskisyon ki fèt sou blòg la. Rezime sa a ap tankou yon ranmase sou tout opinyon gwoup moun ki tap patisipe nan diskisyon an. Konsa deba a ka kontinye anapre pou vanse san nou pa retounen sou pwen ki deja gen yon antant, yon dizon sou yo san pa gen bon rezon pou sa.

Lakou a remanbre

Ak Verite a nou ka jwenn jistis liberasyon peyi a.

Verite a se kle pou tout chenn nan tèt. Verite a fè nou pa nan repase po kann, nou pa ka fè sa konsa ankò…

Verite a fè nou lib ! Nou pap bezwen mawon ankò ! Peyi nou pou nou, nou byen konekte nan limyè Ginen an… Konsa, Lakou a va remanbre !

« Lakou a remanbre !… »

Ann kenbe kontak

Depi gen nouvo deba n’ap fè’w konnen

Sit sa-a proteje ak reCAPTCHA, e se Politik Konfidansyalite ak Kondisyon Sèvis Google yo ki aplike.